Nan Meta, nou angaje nou pou bay moun yon mwayen pou yo eksprime yo epi an menm tan pou n pwoteje yo.
Sa vle di nou efase kontni ki reprezante danje yo epi ki pa respekte politik nou yo, redui difizyon kontni ki gen pwoblèm yo ki pa vyole politik nou yo, epi enfòme moun yo sou kontèks siplemantè pou yo kapab deside kisa yo vle klike sou li, li oswa pataje.
1
Nou kolabore ak ekspè mondyal nan zafè teknoloji, sekirite piblik ak dwa moun pou kreye epi mete politik nou yo ajou.
2
Nou kreye fonksyonalite pou sekirite, pou moun kapab siyale kontni epi bloke, maske oswa sispann suiv kont yo.
3
Nou aplike politik nou yo gras ak teknoloji epi verifikasyon imen.
Nou pwoteje moun yo epi nou kite yo pran nou pou responsab pandan nou pataje rapò sou politik nou yo, rapò sou aplikasyon prensip yo ak rapò sou transparans yo.
Politik yo
Politik nou yo defini kisa ki kapab fèt ak sa ki pa kapab fèt ak teknoloji Meta yo. Si gen kontni ki pa respekte politik nou yo, nou ap pran mezi kont yo.
Fason nou fè aplike politik yo
Nou itilize teknoloji ak ekip verifikasyon yo pou detekte, verifye epi pran mezi sou plizyè milyon eleman kontni chak jou sou facebook ak Instagram.
Rapò transparans nou yo
Nou pibliye rapò transparans regilye pou montre moun kijan n ap bouje nan sa ki gen pou wè ak aplikasyon politik nou yo.
Apwòch nou fè pou nou eksplike klasman yo
Sistèm entèlijans atifisyèl yo (Artificial Intelligence, AI) enfòme klasman kontni pou anpil eksperyans konsènan pwodwi Meta yo, tankou gade fil aktyalite Facebook la, gade videyo reels sou Instagram oswa navige sou Facebook Marketplace.
Nouvo mizajou